9 Avril, yon dat enpòtan nan istwa Ayiti ak vil Desalin

Loading

Nan istwa chak pèp, chak dat istorik jwe yon gwo wòl, kit se pou raple bravou ak sakrifis zansèt yo, kit se pou reveye konsyans jenerasyon k ap dòmi ak sa k ap vini. 9 Avril 1804 se youn nan dat sa yo. Se pa yon dat nou dwe pase alalejè ni pran pou jwèt, se yon dat ki merite leve kanpe konsyans tout Ayisyen, reveye memwa yo, epi rasanble fyète kòm Desalinyen, kòm Ayisyen.

Aprè endepandans peyi a, youn nan pi gwo sousi Jan Jak Desalin, chèf lame endijèn nan ak fondatè nasyon an, sete pwoteje endepandans sa ki te pran ak san, ak kouraj, detèminasyon ak bravou. Li te konnen byen nan ki pwen libète pa janm garanti pou tout tan si pa gen mezi pou defann li.

Se nan sans sa, nan dat 9 Avril 1804, nan vil Desalin, ki te kapital peyi a nan epòk la, li te pran yon desizyon istorik, dekrè fòtifikasyon an. Yon aksyon estratejik ki te vize konstwi fò atravè tout peyi a pou anpeche nenpòt tantativ retou lame fransèz yo sou tè lib Ayiti a.

Men sa tout moun ta dwe sonje, sa tout moun ta dwe kenbe nan memwa yo. Premyèman, komin Desalin, kòm kapital peyi a ak katye jeneral lame endijèn, te nan sant tout gwo desizyon estratejik pou pwoteje nasyon an. Se pa t yon vil tankou lòt yo, se te kè rezistans lan, sèvo planifikasyon an, ak senbòl souverènte Ayiti.

Dezyèmman, nan tout listwa Ayiti, Desalin rete jiskaprezan inik komin ki gen plis fò ki konstwi ladan li, sis fò. Sa pa t fèt pa aza. Rezon an te klè, yon kapital dwe byen pwoteje kont tout menas. Chak fò te tankou yon je k ap veye, yon bra ki pare pou defann, yon temwen vivan detèminasyon zansèt yo.

Demi douzèn fò sa yo ki chita sou mòn Desalin mete ansanm pou fòme yon sistèm defans tèt chaje ki pa t janm fèt avan sou zile a. Youn ladan yo ki se premye a se Fò Kilbite, ki se inik ladan yo ki konstwi nan plèn. Li konstwi nan pye mòn ki mennen nan dezyèm fò a ki rele Deside. Kilbite se yon fò ki te konstwi pou gen kontwòl sous dlo ki alimante palè enperyal la. Sous enperyal la se youn nan pi ansyen sous ki genyen nan komin nan, li chita anndan fò Kilbite, li gen yon repitasyon mistik ak senbolik. Fò sa te sèvi tou pou estoke poud a kanon pou lame endijèn nan, gras ak frechè espas la.

Dezyèm fò a, ki pi wo pase Kilbite nan mòn nan, sou zòn lès sou wout ki mennen Sen Michèl, rele Deside. Se yon fò apa. Jan non an di li, Deside se te syèj desizyon militè lame endijèn nan. Li te sant anpil desizyon estratejik militè, espesyalman pou katriyèm demi brigad la ki te chita nan vil Desalin. Li te sèvi tou pou fè gwo jijman disiplinè pou sòlda ki vyole prensip lame a. Li bay yon kontwòl egzat sou yon bon pati nan plèn ki te pwodui manje nan komin nan, epi yon kontwòl total sou kapital la.

Fò Deside


Twazyèm fò a, ki rele Inosan, pote non premye pitit Desalin ki te sòlda nan lame endijèn epi ki te gen kòmand fò sa. Fò Inosan konstwi pi wo pase Deside, li gen yon kontwòl total sou kapital la, sou dèyè kapital la, epi sou yon pati nan plèn Latibonit. Li sèvi tou kòm pwoteksyon pou fò Deside ki pi ba li.

Fò inosan


Katriyèm fò a rele Madanm. Li te fèt pi wo pase Inosan, an onè premye enperatris la, Klè Erez. Fò sa diferan ak lòt yo, epi se li ki pi gwo. Li te souvan sèvi kòm espas rankont, detant ak repo.

Senkyèm fò a rele Dòko. Li pi wo pase Madanm, li pote yon pwoteksyon espesyal ni pou fò Madanm ni pou vil la. Anplis, li bay yon kontwòl total sou tout antre ak sòti ki bay sou komin Desalin ak komin ki antoure li yo.

Dènye a, ki se pi enpòtan an, se yon fò mistik, senbolik, misterye, ki bay yon kontwòl total sou tout Latibonit. Se li menm ki pi wo a. Lè ou nan fò sa, ou gen plèn Latibonit nan men ou, ou gen kontwòl sou lanmè Gonayiv ak plizyè lòt zòn estratejik. Fò sa rele Fen di monn. Li se dènye ranpa a, dènye espwa a. Menm si ènmi ta pran vil Desalin, menm si li ta pran plizyè komin nan Latibonit, depi li poko rive pran fò sa, li poko gen kontwòl kapital la. Li sèvi kòm dènye ranfò ak pwoteksyon pou lòt fò yo ak pou depatman an an jeneral. Youn nan eleman misterye ki ladan li se yon pasaj ki mennen yon kote pèsonn nan jenerasyon jodi a pa konnen.

Lè nou gade kijan sis fò sa yo konekte youn ak lòt, pozisyon yo ak espas yo pwoteje, nou rive konprann poukisa Jan Jak Desalin te chwazi komin Desalin pou plante kapital yon peyi ki te fèk soti nan lagè. Nivo jeni militè li te san parèy, epi chak fò se temwanyaj vivan ki montre kiyès li te ye.

Dekrè fòtifikasyon an pa t sèlman pale de konstriksyon fò yo. Li te gen yon dimansyon politik ak istorik pi fon toujou. Se li menm ki te vin premye lejitime estati vil Desalin kòm kapital, pandan li t ap mete yon fen nan ansyen lojik kolonyal la kote, depi sou rèy Louis XV an 1749, Pòtoprens te konsidere kòm sant pouvwa kolonyal la.

Men, malgre tout enpòtans istorik sa yo, reyalite jounen jodi a fè mal. Depi 9 Avril 1804 rive 9 Avril 2026, sa fè 222 lane. 222 lane depi Desalin te pran dekrè a, depi yo te konstwi fò sa yo pou pwoteje nasyon an, men jiskaprezan pa gen yon plan klè ni yon jesyon serye pou sit istorik sa yo.

Fò yo abandone, yo rete san siveyans. Sitwayen antre ladan yo jan yo vle, fè sa yo vle, pafwa menm detwi pati nan estrikti orijinal yo. Sa ki te fèt ak san ak sakrifis ap pèdi jodi a nan neglijans ak inyorans. Enstitisyon leta tankou ISPAN ansanm ak otorite lokal yo pa rive pran responsablite yo jan sa ta dwe fèt pou pwoteje memwa kolektif la.

Youn nan reyalite ki pi boulvèsan an se ke, pandan dekrè fòtifikasyon an te ekri ak pibliye nan Desalin, pandan vil la te gen sis fò pou pwoteje li, se sèlman an 2017 youn ladan yo, Fò Inosan, ki rive enskri kòm patrimwàn nasyonal.

Sa poze kestyon ki merite repons. Poukisa mepri sa a kont komin Desalin. Poukisa tout lòt fò yo poko jwenn rekonesans yo kòm patrimwàn nasyonal, pandan se yo ki te pami premye ki te konstwi aprè endepandans.

Kesyon sa yo pa dwe rete san repons. Yo montre klèman bezwen ijan pou mete sou pye yon vrè politik piblik sou patrimwàn nan komin Desalin, yon plan serye, dirab, ki angaje leta, kolektivite teritoryal yo, ak sitwayen yo.

Nan batay sa a, jenès la gen yon gwo wòl pou jwe. Paske sove memwa se pa sèlman yon kesyon leta, se yon kesyon konsyans kolektif.

Jodi a, deja genyen jèn nan komin nan ki leve kanpe. Gen yon asosiyasyon ki rele Desalin Sou Tanbou, ki angaje nan domèn istwa ak patrimwàn, k ap mennen travay sansibilizasyon sou pwoteksyon sit istorik yo. Depi 6 lane, yo pran inisyativ pou defann fò yo, pou fè tande vwa Desalin, pou raple peyi a enpòtans patrimwàn li.

Yo rive ekri yon petisyon pou mande imòtalizasyon dat 9 Avril la, pou fè li tounen yon dat selebrasyon ofisyèl nan komin nan. Daprè Kervens Joseph, youn nan responsab yo, demach sa a se pou asire jenerasyon k ap vini yo pa bliye, pou fè 9 Avril vin yon senbòl fyète, yon randevou memwa.

Li deklare, antanke responsab Desalin Sou Tanbou, dat 9 Avril la se yon mak nan kè komin nan, yon senbòl sakrifis ak diyite. Bliye li se bliye tèt nou. Pi gwo batay la se fè li antre nan lespri jenerasyon kap vini yo, nan lekòl yo ak nan aktivite kiltirèl yo, pou memwa a pa janm mouri.

Yon lòt estrikti, Office Tourisme Dessalines, ap mennen menm travay la pou fè pwomosyon patrimwàn lan ak devlope santiman apatenans. Prezidan li, Kessel Damier, fè konnen ke aprè endepandans, okenn peyi pa t vle rekonèt Ayiti, sa ki te rann endepandans lan frajil. Se sa ki fè Desalin te pran dekrè fòtifikasyon an pou pwoteje li. Li ensiste sou nesesite pou jenerasyon jodi a kontinye travay sa a, pou pwoteje vil la ak memwa zansèt yo, epi ankouraje touris vizite komin nan.

Aprè tout analiz ak refleksyon sa yo, li ijan pou kominote Desalin nan pran konsyans epi leve kanpe pou pwoteje memwa yo. Jan istoryèn Rodette Roy Fombrun te di, si nou vle pou Desalin resisite, nou dwe angaje nou pou fè ideyal li viv nan vil li te fonde a.

9 Avril merite plis pase yon senp rapèl. Li merite aksyon konkrè. Li merite yon ri ki pote non li, Ri 9 Avril, pou chak moun ki pase sonje sakrifis ki te fèt pou pwoteje libète a.

Li merite antre nan pwogram lekòl yo, pou chak timoun konnen istwa fò yo, konprann sans yo, epi grandi ak fyète pou pwoteje eritaj sa.

Paske, jan nou dwe toujou sonje li, diyite ak fyète pa fèt nan chita gade, men nan valorize epi pwoteje memwa zansèt yo.

Lespri Jan Jak Desalin vivan toujou. Li nan chak fò, nan chak wòch, nan chak souf van k ap pase sou tè Desalin. Li nan konsyans chak Desalinyen ki refize bliye. 9 Avril pa dwe yon dat ki dòmi nan liv listwa, li dwe yon flanm ki limen nan kè nou, yon apèl pou nou leve, sonje, epi aji.

Pa : Fidano Daméus, pasyone istwa

Ps: Atik sa a pa yon pwodiksyon redaksyon Top Média Haïti.

About The Author


En savoir plus sur

Subscribe to get the latest posts sent to your email.

Laisser un commentaire

Close
error: Contenu protégé !!

En savoir plus sur

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture

Share via
Copy link