Copyright 2026
Top Média Haïti

![]()
Nan yon sosyete kote chomaj ap bat kò l, jwenn yon bon travay ta dwe yon benediksyon. Men, pou anpil ayisyen, siksè pwofesyonèl sa a souvan makònen ak yon reyalite nwa: jalouzi ak konfli ki soti nan antouraj yo. Ant sekrè fanmi ak “pote kwa” nan biwo; dekouvri kijan reyalizasyon yon sèl moun ka tounen yon chay lou pou l pote.
Anpil moun konpare sosyete ayisyèn lan ak yon panyen krab. Depi youn ap eseye soti nan twou a, lòt yo rale l desann. Nan domèn pwofesyonèl, sa manifeste pa yon jalouzi. Depi yo wè yon moun ap pwogrese, gen yon seri “kòlèg” oswa “pwòch” ki kòmanse envante istwa sou li. Yo fè diskou sikile pafwa san fondman, sa ki ka di li fè “maji”, oswa yo di se “moun pa” li ye. Meritokrasi a souvan pèdi valè li devan sispèk ak mechanste moun ki kwè pito nan fanatism ak medyokrasi.
Gen yon pwovèb kreyòl ki di: “Sa w plante se li ou rekòlte.”
Anpil fwa nan kilti Ayisyen an, yo di moun aprann, yo sakrifye yo, yo aprann. Men anpil fwa yo ta sanble fè moun sa yo kwè ke se “dlo y ap pote nan panyen”. Yon ti pwomosyon nan yon ti aktivite oubyen travay ka chavire tout yon vizyon.
Anpil Ayisyen ap benyen nan povrete, Leta absan, bwat leta yo, se vilipandè ki akapare yo, moso ledikasyon tounen yon fado, jwenn yon moso pen pou lamanjay se tankou foure men nan yon founo, chomay anvayi moun, pa gen aksè ak anyen ki ta pou fè anpil moun rete nan etap moun lan, elatriye, sa vin kreye tou sous jalouzi ak konfli ki konn fè anpil moun mal pou aksepte lòt la ki soti ba menm jan avè l rive kite l atè a pou l fè siksè.
Yon lòt bò, nan kilti pa Ayisyen, nan anpil ka, sistèm kapitalis la vle fè : sa kèk moun te rete tankou ayisyen nan yo, sitou nan sa ki gen pou wè ak linyon, fratènite, konbit, vle fè yo koupe fache ak mounite yo. Yo kreye yon sistèm chak “koukouy klere pou je” pou demounize moun. Sa vi n fè, pa bò isit anpil moun vin pa abitye bat bravo oubyen rive gen kouraj pou aksepte yon konpratriyòt ki lite pou li vin yon kichòy. Sa otomatikman ka kreye fristrasyon ak jalouzi. Mete sou sa, sistèm endividyalis la ta vle fè n panse ke “Si se pa mwen, li pa ka lòt”. Poutan yo toujou di “travay se libète”, “men anpil chay pa lou”, “Linyon fè fòs nou”, “Nou tout nou se frè”.
Youn nan pi gwo sous konfli apre yon moun fin jwenn yon bèl travay, se presyon fanmi an. Menm lè w pa ko touche premye mwa a, lis pwoblèm yo deja sou biwo l : Lwaye grann ki dwe peye. Lekòl ti kouzen an ki bloke. Moun ki malad epi ki bezwen operasyon. Si moun sa a pa ka reponn ak tout demand sa yo, ou vin pase pou “moun ki gen lògèy” oswa ki “bliye kote l soti”. Travay la ki ta dwe yon soulajman vin tounen yon sous estrès pèmanan kote w santi w dwe tout moun, san w pa janm ka satisfè pèsonn.
Nan kilti Ayisyen yo, genyen yon tandans makònen siksè ak bagay mistik. Lè yon jèn jwenn yon pòs enpòtan, olye yo selebre kapasite entelektyèl li, anpil moun prefere pale de “pwoteksyon” oswa “chans”, osinon “moun pa” oubyen yo konn di: “Granmoun ou te byen benyen w”. Sa kreye yon anbyans kote moun nan blije viv nan kachèt. Li pè achte yon machin, li pè bati yon kay, paske l pa swete moun “voye je” sou li oswa pou yo pa rann lavi l enposib nan biwo a ak kout lang oswa pèsekisyon.
Nan espas travay la menm, siksè l ka fè l vin yon sib. Si l se moun ki travay di e ki jwenn pwomosyon rapid, li mèt prepare l pou: Izolman, Sabotaj: Enfòmasyon, Rimè, Atak sou lavi prive l pou sal repitasyon l devan chèf yo. Gen yon pwovèb ki di: “Nan peyi sa a, fòk ou konn kijan pou w ba yo manje ak kiyè bwa, paske si men w touche pa yo, y ap mòde w.” Kidonk, yo fè moun viv nan laperèz, nan di: “Pa gen moun ki konn kiyès ki kiyès”. Pa bò isit, yo vle fè moun “kenbe manch kiyè yo kout.”
Anpil fwa, se jan de reyalite sa yo anpil moun konn ap konfwonte nan sa ki pou wè ak travay. Jis ki kote sa ap prale? Jis kilè sa ta dwe sispann? Sitou, jwenn yon bon travay an Ayiti mande plis pase diplòm; sa mande yon gwo kapasite rezistans sikolojik ak rezilyans. Pou siviv nan mitan jalouzi ak konfli sa yo, anpil moun chwazi “viv kache pou yo viv kontan.” Men, èske yon sosyete ka vrèman devlope si moun yo pè klere paske limyè yo a ap jennen je lòt moun ?
Subscribe to get the latest posts sent to your email.